Legliz Batis Ayisyen yo Reponn Apèl Nasyon yo.

0 1,330

Nan foto anwo a ou wè Pari, yon vil kote anpil kilti reprezante ak moun ki sot nan plizyè peyi. Keny Felix ki se Prezidan Fratènite Ayisyen Legliz Batis Sid yo mande legliz Ayisyen-Ameriken yo pou konsidere mete ansanm  ak IBM pou al pote pawòl la nan peyi ki pale fransè yo.

Manm ki fè pati Ekip lapriyè yo tap mache trankil nan yon zòn ki bay kè kase nan vil Paris. Yo priye ak anpil nan moun nan magazen ki vann pwodwi de liks yo epi pataje avèk yo fòmil ki ka fè yo jwenn lajwa nan lavi yo. Ekip la mache tou atravè plizyè gran katye gran panpan nan vil la kote tou ou jwenn yon pakèt bèl restoran.

Youn nan manm ekip la, Pastè Keny Felix di li te santi yon gwo chay sou kèl pandan li tap priye pou fanmi kap viv nan bèl zòn kote yo te pase yo. Li konpare yo  epi note  gwo diferans ki genyen ant bèl katye modèn sa yo ak sal te wè kèk jou avan nan Repiblik Dominikèn kotel te wè anpil Katye mizè ki nan mitan chan kann ki rezève sèlman pou imigran Ayisyen kal chache lavi an Dominikani.

Legliz Ayisyen-Ameriken Batis Sid yo ap sèvi ak mwayen kilti ak langaj yo bayo pou pwopaje levanjil la. Moun ki nan foto sa anwo a se manm Legliz Evanjelil Batis Bethel Miami, Florid kap patisipe nan pwojè simen grenn pou fè jèm levanjil la pouse nan lòt peyi pandan yo te nan vil Pari.

“Tou lè 2 kote sa yo – ke se nan peyi san dlo oswa peye ki chaje ak limyè bling-bling – yo gen menm bèzwen an si wap gade reyalite a nan pwofondèl,” dapre Pastè Felix kap dirije Legliz Evanjelik Batis Bethel nan Miami epi li se tou Prezidan  Fratènite Nasyonal Ayisyen Legliz Batis Sid yo ki se manm Konvansyon Baptis Sid yo. Dapre konsta li fè li remake ke “Moun yo pèdi nan lespri e yo, nanm yo egare, yo vrèman gen bezwen pou konprann lanmou Bondye genyen pou yo. Sa se yon kòmba spirityèl kote limyè ap batay pou chase tenèb.” Dapre sal di.

Legliz Batis Ayisyen-Ameriken yo bay tèt yo misyon pou kreye yon prezans ki pi fò nan mitan lòt nasyon yo. Legliz sa yo ki yon kantite ki plis ke 500 a travè tout Etazini, yo bay anpil enpòtans a zafè misyon. Men jan Keny Felix te fè remakel, majorite nan yo t’ap konsantre sou Ayiti ki se peyi orijinn yo. Akoz enstabilite politik ki gen an Ayiti, anpil legliz sa yo te vire gade lòt peyi nan mond lan kote yo ka sèvi avèk lang yo pale yo kòm yon zouti pou pataje bòn nouvèl.

Reveran John Voltaire, ki se reskonsab kap travay pou fè tout kilti ki reprezante nan Konvansyon Batis Florid la melanje youn ak lot fè remake, pi fò nan jenn moun Ayisyen-Ameriken yo grandi nan pale twa lang – angle, franse, ak panyòl. Sa ouvri opòtinite pou yo kolabore byen ak Konsèy Misyon Entènasyonal la nan aktivite yo ta vle mennen an Ewòp, an Afrik ak nan lòt zòn nan kontinan Ameriken an.

“Gen anpil moun ki panse legliz Ayisyen yo se sèlman an Ayiti yal fè misyon. Men gen yon gwo chanjman kap fèt rapid nan sans sa. Gen yon lòt jenerasyon Ayisyen ki yo menm gen yon vizyon global de misyon e ki deside bouje nan sans sa, dapre Pastè Voltaire ki fè remake gen youn nan 350 legliz Ayisyen ki nan Florid yo ki apènn sot fè yon kolaborasyon pou al fè misyon nan peyi Kenya pandan ke gen yon lòt gwoup ki li menm apènn soti nan misyon o Meksik.

“Bòn Nouvèl la te vinn jwenn nou an Ayiti a travè misyonè yo. Kounye a, dezi pastè Ayisyen  ak legliz yo se konvèti tèt yo an misyonè yo menm tou pou al pote Bòn Nouvèl la bay moun ki pa konnenl yo.” Nou tap site pawòl Reveran Voltaire.

Dapre Reveran Keny Felix, nan mwa kap vinn la yo, Legliz Bethel ke lap dirije a, pral gen pou fè kolaborasyon ak Konsèy Misyon Entènasyonal la pou fè de lòt aktivite misyonè tankou sa yo te sot fè pandan sezon ete ki sot pase a nan vil Pari. Ekip li a ap travay ak Jason Harris ki fè pati depatman misyon nan IBM, e yo te menm nan pami moun ki tap fè tradiksyon nan misyon nan peyi Lafrans la, pou ekip ki te al pataje pawòl la nan vil Pari. Ekip sa yo ki te soti nan Florid, Alabama, Kawolinn di Nò ak Kawolinn di Sid nan pwojè kote yo tap fè sèvis louwanj pou moun kap dòmi sou plas piblik nan vil Pari akòz yo pa gen kay pou yo rete.

Jason Harris fè konnen ke ekip ki te soti nan Legliz Pastè Felix la te fè yon sèl ak misyonè Ameriken ke yo te rankontre lòtbò a. E sa te pèmèt fasilite travay la epi pataje pawòl la avèk plis moun epi kouvri plis espas paske pwoblèm baryè lang lan te sanse rezoud gras a Ayisyen yo ki tap tradwi pou yo an fransè. Dapre Pastè Felix, kolaborasyon nan misyon aletranje avèk legliz ki pale anglè sèlman yo, se yon opotininte ki ka pèmèt legliz Ayisyen yo, fè plis toujou nan sa ki gen awè ak pataje Levanjil la. Li kwè tou se yon bon mwayen pou de (2) legliz ki soti nan menm Misyon Batis la kapab mete ansanm nan fè aktivite misyonè pou pote pawòl nan mitan anpil gwoup moun ki jiskaprezan pako janm gen chans tandel.

Dapre Jason Harris: “Distans kiltirel yo kapab diminye, si nou rive elimine barye lang nan nan mitan nou”. Li ajoute li deja ap fè preparasyon nan antrene kèk lidè local pou pwochen vwayaj misyonè kap gen pou fèt yo.

“Moun yo ap finn pèdi deyò a akòz yo pa konprann dimansyon lanmou Bondye genyen pou yo.”

Keny Felix Pastè Legliz Evanjelik Batis Bethel’

Ekip Pastè Felix yo ap travay ansanm ak plizyè lòt legliz Ayisyen nan peyi ki nan rejyon karayib la. Jason Harris di koneksyon sa pat pran tan poul te reyalize.

Reveran Felix pa kache di janl kontan lè lap gade sèvis louwanj kap fè nan plas piblik yo, kote moun kap mache ozanviron fè yon ti kanpe pou enfòme sou sa kap pase, epi pastè yo tou pwofite glise pawòl levanjil la nan zòrèy pasan sa yo ki se moun ki soti nan tout nasyon. Sa ki vinn ranfòse wòl nou menm kretyen nan misyon nou genyen ki se gaye pawòl la toupatou bay tout nasyon yo.

Plizyè legliz ki soti nan Florid, Alabama, Kawolinn di Sid ak Kawolinn di Nò mete fòs yo ansanm nan yon misyon yo sot fè pa gen lontan de sa nan vil Pari. Ayisyen-Ameriken kap viv nan Miami Florid sèvi kòm tradiktè ak konseye pou montre jèn misyonè yo koman pou yo angaje konvèzasyon lè yap bay moun levanjil.

“Opòtinite sa yo prezante, dapre Pastè Felix, pou legliz Ayisyen kapab kanalize angajman yo nan misyon pami lòt pèp ki pale fransè a travè lòt peyi nan mond lan. Li kwè tou ke “ Leténèl prepare nou pou de sitiyasyon konsa kote nou kapab sèvi avèk kilti nou epi lang ke nou pale poun travay pou li nan mitan divès lòt kominote.” Li fini poul di se yon benediksyon sa ye lè nou gen chans mete ansanm ak yon gwo rezo tankou IMB pou nou kapab ansanm pwopaje bon nouvèl Jezikri a”

Se Sue Sprenkle ki ekri atik sa.

Sue Sprenkle se jounalis ki ekri pou IMB

 

Leave A Reply

Your email address will not be published.