Konferans Istorik Ansanm Pou Nasyon yo Ekipe Batis Florid yo pou al fè Misyon Nan Lemond Antye.

0 1,265

MIAMI—Se te yon evènman ki antre nan listwa. Nou vle pale de konferans ki te òganize sou banyè Ansanm pou Nasyon yo ki se yon branch nan Konsèy Mission Entènasyonal yo ki te fèt nan de (2) lang ki se Espanyòl ak Kreyòl fransize. Plis ke 600 moun (Ayisyen ak Ispanik) kretyen batis kap viv nan Florid te patisipe nan gwo rankont sa ki te dire yon jou, nan objektif pou yo te ka defini strateji ki pou pèmèt yo pote levanjil la pi byen bay lòt nasyon yo a travè lemond.

Evènman sa ki sot fèt samdi 30 septanm nan, e ki te yon kolaborasyon ant Konvansyon Batis Florid ak IMB, li te dewoule an de (2) pati. Te gen yon sesyon nan maten, ki te fèt nan kreyòl fransize, ki te òganize nan Legliz Evanjelik Batis Bethel nan Miami, alòske sesyon apremidi a, ki te fèt an espanyòl, te fèt nan Florida Baptists’ Southeast Regional Center nan Hialeah. Chak konferans yo te gen yon kantite apeprè 300 patisipan. Sesyon espanyòl la te gen ladanl reprezantan ki soti nan plis pase 60 legliz Batis Ispanik nan Eta Florid la.

Prezidan IMB nan, Paul Chitwood te pote yon mesaj ki soti nan Labib bay tou de gwoup yo. Li mete aksan sou wòl esansyèl chak legliz ak chak moun kapab jwe pou avansman levanjil la atravè lemond.  Mesaj la jwenn rasinn li nan Apokalips 7 vèsè 9, kote Reveran Chitwood te souliye ke travay pou pwopaje levanjil la, li poko fini paske vizyon Apot Jan te pale de li nan liv Apokalips la an poko finn reyalize.

“Chan misyonè an louvri laj toujou; nou bezwen ou vini”

Sa se pawol Myrna Pagan ki se yon misyonè IMB kap travay Meksiko te lanse nan zòrèy chak patisipan yo.

Nan menm masaj li a, Pastor Chitwood di: “Jan te wè syèl la jan li pral gen poul ye yon jou… Li te wè moun ki soti nan tout nasyon ak tout lang.”  Dapre li “Nou poko rive la paske gen anpil lòt nasyon ki pale anpil lòt lang ki poko tande pawòl la nan lang pa yo”.

Estatistik ki soti nan IMB a revele ke gen plis pase 3,000 gwoup moun kap viv sou late ki poko janm tande levanjil. Reveran Chitwood di patisipan yo, “Pi gwo pwoblèm lemond se kantite moun sa yo ki pèdi. Se yon pwoblèm inivèsèl. Se sèl pwoblèm ki pa disparèt lè w mouri, e nou pa ka kenbe bòn nouvèl la pou tèt nou sèlman.”

Konferans lan te gen ladanl tou divès kalite sesyon an gwoup separe, ke misyonè IMB yo kap sèvi nan divès kwen nan mond lan tap dirije. Chak sesyon yo te diskite de diferan aspè sou fason legliz yo ak moun yo ka patisipe aktivman nan misyon mondyal yo epi kolabore ak IMB.

Myles Dowdy, ki se youn nan lidè kap fè lyezon pou misyon Florida Batis yo esplike anvi li gen nan kè li poul ta wè  legliz lokal bay tèt yo zouti pou mache al jwenn moun ki nan vwazinaj yo, oswa moun toupatou nan lemond nan bon jan kolaborasyon ak IMB kòm yon patnè yo ka fè konfyans.

“Bondye mennen anpil nasyon nan Florid poul ka prepare Batis ki nan Florid yo pou yal pote levanjil la bay lòt nasyon yo.”

Myles Dowdy ki se youn nan lidè kap fè lyezon pou misyon Florida Batis

Pawòl Dowdy yo te jwenn eko nan vwa Al Fernandez ki li menm se reskonsab ki fè lyezon pou Florida Batis nan rejyon Sidès Eta Florid la. Fernandez panse konferans sa yo ta sipoze sèvi kom komansman yon kolaborasyon ant IMB ak legliz ki nan Sid Florid yo, kòm premye chwa yo lè yap chache sipò pou aktivite ki gen awè ak misyon entènasyonal. Li mete aksan sou enpòtans pou ta bati bon jan relasyon ki kapab dire lontan ant legliz lokal yo ak IMB pou ka kenbe inite nan fè misyon ki pou al jwenn sa yo ke levanjil la poke janm rive sou yo.

Jaime ak Myrna Pagan, yon koup misyonè IMB nan kap milite nan peyi Meksik, te pataje eksperyans pèsonèl yo epi ankouraje pastè ak lidè yo pou yo reponn si yo santi nan kè yo ke Bondye rele yo tout bon vre pou antre nan aktivite misyonè.

Te genyen tou plizyè misyonè kap sèvi nan peyi Kolonbi ki te pale pou di ke gen plis pase 200 gwoup moun nan kontinan Ameriken an ke pawòl la poko janm rive jwenn yo. Misyonè sa yo te raple pastè yo ak lòt lidè yo ke “Gen espas toujou pou plis misyonè.”

Reveran John Voltaire, ki se Reskonsab lyezon ant legliz Ayisyen yo ak FBC, te pale tou. Li di: “Legliz ak pastè ayisyen yo kounye a gen plis motivasyon pou ede sèvi epi pote levanjil la nan chak kwen nan lemonn.”

Te genyen tou Emanuel Roque, ki se reskonsab lyezon pou legliz  Ispanik Batis Florid yo, ki te afime wòl Batis Ispanik Laflorid yo nan travay pou fè wayòm Bondye avanse nan lemonn. Li te ankouraje chak moun ki te prezan pou yo chèche ki sa  Bondye ap mande yo epi reponn apèl li avèk kouraj ak detèminasyon.

Roque ajoute pou di: “Bondye ap fè wayòm li an avanse nan tout mond lan, epi Batis Ispanik Florid yo se yon pyon enpòtan nan travay Bondye a”.

Leave A Reply

Your email address will not be published.