Deklarasyon Konvansyon Batis Florid sou Reouvèti Faz 1 Eta Florid – Lòd Ekzekitif 20-112

0 1,388

 

Gouvènè Florid la Ron DeSantis bay Lòd Ekzekitif 20-112 pou tout eta a, ki ap kòmanse 4 Me, 2020, deklare “Faz 1: Sekirite. Entèlijan. Tipa-pa-Tipa. Plan pou Rekipere Florid.” Lòd sa a repoze sou gid ki soti bò kote Prezidan an, Konsèy Nasyonal pou Kowonaviris la, Sant pou Kontwole Maladi ak yon latriye lòt pwofesyonèl sante pou rive etabli chimen reouvèti ak rekiperasyon eta nou an.

Se enpòtan, Lòd sa a kontinye pou rekonèt enpòtans kritik pou kenbe distans sosyal nan batay kontinyèl pou anpeche kowonaviris la pa enfekte plis moun. Pliske kowonaviris la fè anpil ka nan konte Palm Beach, Broward epi Miami-Dade, pi fò restriksyon ki te bay avan yo nan lòd ekzekitf 20-91 ap toujou rete anplas epi nou ap ankouraje legliz yo pou kontinye swiv direksyon pwotokòl sa yo.

Pou rès pati eta a, Konvansyon Batis Florid la kontinye pou sijere – kòm li te deja ye pou plizyè semèn – ke nou genyen yon opòtinite san parèy pou montre lamou Kris la epi pou nou se bon vwazen pandan pandemi sa a. Yon fason ki vizib ke nou ka fè sa se chwazi respekte tout direksyon pou rive kenbe distans sosyal yo epi ede pwoteje sante kominote nou yo. Nan lòd faz 1 sa a, yo mande kèk biznis ak òganizasyon pou kontinye respekte direksyon pou kenbe distans sosyal yo pandan yo ap travay pou retounen nan yon nivo ki pi nòmal. Pandan ke legliz yo pa mansyone dirèkteman nan dènye lòd ekzekitif la; nou rekòmande pou legliz yo kontinye chèche mwayen pou fè ministè nan fason ki respekte gid pou distans sosyal yo; tankou pami plizyè lòt bagay mete pou pi piti 6-pye separasyon, itilize toujou bon metòd pou dezenfekte, poko kite moun ki vilnerab ak moun ki sanble malad patisipe epi ankouraje tout moun pou itilize mas pou vizaj yo.

Plis ankò, gen kèk lòt etablisman piblik ke yo pèmèt pou reouvè nan dènye lòd ekzekitif la. Espesyalman, restoran yo men yo ka itilize sèlman 25% nan kapasite anndan an pou mete moun chita. Mezi sa yo ansanm ak lòt pwotokòl ke CDC bay ka sèvi kòm yon konsiderasyon pou legliz yo ta pran pou kòmanse fè ministè nan faz 1 an.

Si ou genyen kèk keksyon espesifik sou yon aktivite ki te deja planifye, nou ankouraje ou pou chèche direksyon bò kote ofisyèl yo nan konte kote ou ye a pou ka ede ou rive fè yon desizyon final.

Lòt Resous ki Rekòmande:

State of Florida Executive Order 20-112

FAQs for EXECUTIVE ORDER 20-112

CDC Resources for Community- and Faith-Based Leaders

Leave A Reply

Your email address will not be published.