Aktivite Adorasyon Yon Fanmi selebre divesite ak inite

0 1,211

To read this story in Spanish, click here.

To read this story in English, click here.

Preske 300 moun Batis Florid soti nan tout kalite kilti reyini ansanm kou yon fanmi nan jou vandredi 28 Septanm la pou adore nan Premye Legliz Baptis nan Hialeah.

Aktivite Adorasyon Yon Fanmi an se dezyèm rasanbleman konsa nan ane a pou moun Batis Florid yo nan yon efò pou moutre ak ankouraje inite nan mitan fidèl yo.

Tommy Green, direktè-trezorye ekzekitif Konvansyon Batis Florid la, se te youn nan twa predikatè kle ki te non sèlman preche sou inite men tou li te pale sou kèk gran pa ke FBC deja pran pou pwomote zafè inite a nan Florid.

Green te travay ansanm ak lòt lidè nan FBC pou ankouraje patisipasyon ak nominasyon lidè diferan kilti nan lavi Batis Florid e li deja mete anplis 20 pousan moun ki pa Ameriken blan pou sèvi nan Komite Misyon Eta a.

“Tout tan mwen rete nan pozisyon sa a mwen ap travay chak jou pou fè sèten ke nou se yon fanmi.”

Sware a te komanse ak yon dine nan kafeterya Sant pou Rejyon Sidès la. Pandan ke pi fò moun te mete yon mayo ble maren ki genyen sou li Yon Fanmi ak desen yon kwa devan li ki se anblèm aktivite a, kafeterya a te moutre divèsite kote moun t ap pale Espanyòl, Anglè, Kreyòl e menm yon konbinasyon tout twa lang yo.

Patrick Coats, katalis pou legliz moun nwa ak divès lòt kilti nan FBC, te mande chak moun pou chita bò kote yon moun ou pa konnen avan sèvis adorasyon an kòmanse. Sal la te sakaje ak moun k ap chanje plas. Kèk moun te yon ti jan timid avan, men li pa te pran tan pou tout moun kòmanse salye ak anbrase youn lòt pandan yo t ap pran plas yo pou sèvis la te ka kontinye. Emanuel Roque, katalis legliz moun ki pale Espanyòl yo nan FBC, te sèvi pou tradwi pou predikatè yo ansanm ak lòt moun ki te pran la pawòl.

Plizyè group adorasyon ki te soti nan Legliz Batis Northside, Legliz Kingdom Covenant, epi Legliz Turning Point te mete ansanm pou mennen kongregasyon an nan adorasyon. Sanktyè a te sonnen ak kantik an Anglè epi Espanyòl. Kèk moun t ap chante nan menm lang ak group adorasyon yo pandan gen lòt moun ki t ap chante nan lang pa yo men nan son mizik la.

“Mwen renmen demonstrasyon lanmou ak divèsite a,”di Silvina Gregorich, lidè ministè dam yo nan Legliz Batis Northside, yon santiman ke anpil lòt moun te eksprime pandan sware a.

Sherard Burns, pastè Legliz Renewing Life, se te premye predikatè pou sware a. Burns te li nan Kolosyen 3: 1-7 epi fikse mesaj li a sou batay kont divizyon nan mitan fidèl yo. “Si ou fè eksperyans ak Kris se pou ou viv kon li… Levanjil la se inite epi inite nan mitan nou se rezilta sakrifis Jezi te fè a.”

Noel Lozano, pastè Legliz Turning Point, te preche yon mesaj sou lanmou nan 2 Korentyen 5:14 epi Jan 13:35. Li di “Nou se pèp Bondye, Li menm ki rele nou konsa. Le mond ap klasifye nou

kòm konsèvatè, liberal… Men Bondye rele nou pèp li… Nou sipoze retire bagay ki divize nou yo.”

Green te preche twazyèm epi dènye mesaj la. Li te li nan Efezyen 2:13 epi kontinye pou chante fason akapela kantik ki di “Anyen pase san Jezi-Kri”. Nan yon mesaj ki gen twa pwen li te moutre kòman Levanjil la aksesib ak tout moun; li aksepte tout moun paske sakrifis Jezi te fè; epi nou tout responsab pou renmen youn lòt. “Nou vini yon moun diferan aprè nou fin sove, nou pa etranje ankò men sitwayen, manm nan kò a. Responsablite nou se pou renemen youn lòt, epi vini youn… Moun ki resevwa anpil, gen pou bay anpil.”

Green te mande pou tout pastè yo pase kanpe devan pandan sware a epi mande tout lòt moun yo pou pase devan pou priye ak pastè yo ansanm ak lòt moun ke yo pa konnen kòm yon siy solidarite. Plizyè moun te pase devan epi priye pou pastè yo.

Sware a te fini ak yon sèvis Sent Sèn pou tout fidèl ki te prezan yo kote Green te administre epi rès pastè yo t ap sèvi tout moun ki te vle.

Al Fernandez, katalis pou rejyon sidès la nan FBC, te eksplike sak pase nan sware a konsa “nou pale lang syèl la aswè a.”

By Keila Diaz with translation by John Voltaire, Florida Baptist Convention, October 8, 2018

Leave A Reply

Your email address will not be published.