COVID-19 Gid Konvèsasyon pou Reouvè Batiman Legliz yo

0 1,551

Pandan gen gid ki ap sikile pou kretyen yo ka rasanble ankò, li enpòtan pou n rekonèt ke ministè pap ka kontinye fèt menm jan sa te ye avan. An plis, menm jan “lòd pou rete lakay” te vini ti kras pa ti kras, retounen vin rasanble an piblik kapab fèt menm jan an tou. Konsa, nou ka atann nou ke gid gouvènman yo ka diferan de yon zòn ak yon lòt. Li enpòtan pou legliz yo kòmanse prepare yo kounye a pou lè yap retounen nan aktivite nan batiman yo. Gid sa a fèt pou ede w nan plizyè pwen pou konsidere pandan legliz ou ap chèche pou etabli nouvo metòd, prensip ak fason pou aji. Gid la prepare espesyalman pou 2 sijè fondamantal: Pratik yo (jan nou aji) ak moun yo (manm ak vizitè yo).

Pratik

Premye bagay pou konsidere kòm opòtinite nan ministè se prepare espas legliz la reyini nan nouvo tan sa a. Menm jan ak tout bagay nou fè pou Seyè a, nou dwe vize ekselans. Kounye a se moman pou gade espas la avèk lòt zye tou nèf pou sa ki konsène lapwòpte ak kenbe tout bagay nan plas ak sou kontwòl. Aparans jeneral espas la pral di vizitè yo anpil sou atansyon ou bay pou sante yo.

  1. Ki pwofesyonèl sante ou ka travay ak li pou devlope bon Pratik ki lye ak sante vizitè ak manb ou yo?

Netwaye/Dezenfekte anvan vizitè yo rive

Pwotokòl dwe an plas pou diminye pwopagasyon viris la nan batiman legliz la (sonje viris la pa disparèt).

  1. Ki kote nan legliz la ki dwe sibi gwo netwayaj anvan moun retounen nan batiman legliz la?
  2. Ki yès ki ka pran responsablite sa a? (volontè, estaf legliz la)
  3. Ki resous yo bezwen? (pwodui netwayaj – èske yo disponib oubyen èske yo dwe kòmande yo?)
  4. Ki pwodui netwayaj ki itilize souvan (chak jou, chak semèn, ou chak mwa) ki dwe rantre nan pwotokòl ak Pratik legliz la lèou retounen adore nan batiman an?

Fason pou diminye kontak yo lè vizitè yo nan batiman an

Ou dwe devlope pwosedi ak pwosesis pou diminye kontak pèsonèl yo epi dezenfekte souvan kote moun touche anpil yo pandan vizitè yo nan plas la.

  1. Ki materyèl ki dwe achte epi plase nan plizyè kwen nan legliz la pou itlize pandan moun yo prezan (tankou savon likid pou men, dezenfektan, sèvyèt ijyenik)? (disponiblite materyèl sa yo kapab limite e disponib sèlman pou sant sante ak lopital yo. Kijan w ap rive jwenn yo?)
  2. Ki mezi ou ka pran pou diminye pwopagasyon jèm nan legiz la (ekzanp manb akèy yo ki netwaye manch pòt yo, moun ki netwaye twalèt yo nan maten, dezenfekte plas yo anvan e apre sèvis yo)?

Antretyen pou pi devan

Pandan w ap prepare pou retounen nan batiman legliz la avèk yon rega tou nèf pou reprann aktivite yo, pran nòt sou sa ki bewen atansyon. Sa ka ouvri zye ou sou bagay ki gen plizyè enpak ekonomik. (Ranplase do kay la ap pi chè ke pentire mi kay la. Rache zèb nan yon jaden flè – sa pran yon ti tan.)

  1. Ki zòn nan legliz la ki bezwenrafrechi oubyen yon retouch pou montre vizitè yo ke espas la pwòp?
  2. Konbyen lajan pwojè sa yo ap koute?
  3. Ki yès ki ka angaje pou fè sa? (volontè, estaf legliz la)
  4. Ki resous yo ap bezwen?
  5. Ki priyorite ki baze sou bezewn ki parèt ak disponiblite resous yo?

Pèsonèl

Lidèship

Dirije nan tan ki difisil e ki ensèten trè enpòtan; rasanble nan lapriyè ak ekip dirijan legliz ou pou  ka naje nan tan tranzisyon sa a. Evalye misyon BonDye rele legliz ou pou li a e idantifye kijan ou ka kontinye fè enpak sou kominote ou a. Va genyen nouvo opòtinite  nan ministè pou devlope e konsa tou ka gen kèk pwogram ministèki te la men ki ka pa ekziste ankò.

  1. Kijan ou kominike ak legliz ou e ak kominote a etap ou ap pran pou kenbe kondisyon anviwònman an pwòp e sekirizenan lokal legliz la e ministè ki kadre fiti legliz la?
  2. Ki bon abitid legliz ou devlope nan mwa pase yo ke ou bezwen entegre imedyatman (ekzanp swen nan ti gwoup, kominikasyon dijital)?
  3. Ki sa ou dwe sispann fè? Ki sa ou dwe kòmanse fè?
  4. Eske ou dwe chanje estaf legliz la? (ekzanp chanje responsablite nan pozisyon ki adrese nouvo bezwen ministè yo).

Sèvis Adorasyon

Adapte kèk bagay nan sèvis ak pwogramasyon legliz la pou “renmen sèvis” la ka ede pou tan kap vini yo.

  1. Ki ajisteman ou ka fè nan jan vizitè yo chita oubyen kreye pou ankouraje distans ant manb yo (ekzanp ajoute yon sèvis, mete espas ant chèz yo, ankouraje “distans”)?
  2. Ki altènativ ou genyen pou ofrann, Sent Sèn (kote tout moun kenbe plato Sent Sèn nan) kapab aplikepandan ou toujou ankouraje bay kòm adorasyon e patisipasyon  nan òdonans repa Sent Sèn nan?
  3. Ki lòt fason pou konekteou ta ka mete an plas  pou limite entèaksyon fizik yo (ekzanp kreye yon kat byenveni dijital  oubyen repons a mesaj yo, plase direktiv sèvis la sou yon tab, retire liv chan yo e itilize ekran sèlman)?
  4. Eske politik ak pwosedi pou selebre batèm kwayan yo dwe chanje?

Ministè yo

Adrese bezwen ministè yo pral pi konplike e pi inik lè moun kite lakay yo. Legliz la dwe prepare pou reyalite pèsonèl ak lojistik yo. Moun yo pap menm janm ankò lè yo retounen. Nouvo opòtinite pou fè ministè pral ekziste avèk nouvo baryè ki vin kreye pandan tan kriz sa yo.

  1. Kijan w ta ka kreye yon platfòm ki gen mwatye sèvis sou kanpous epi mwatye an lin (telefòn ak entènèt) pou sa yo ki pa ka vini oubyen ki ezite pou retounen sou kanpous la twò bonè oubyen tou pou kominote a ki ka vle rete konekte a distans (ekzanp gwoup selil yo, reyinyon priyè yo, ekip ak komite ministè yo, demann pou bezwen yo)?
  2. Eske legliz ou pral kontinye ofri ministè gadri pandan sèvis yo menm jan sa te konn fèt anvan? Si ui, ki lòt prekosyon ou pral pran nan domèn sa a (ekzanp cheke tanperati, modifye oubyen elimine sèvi ti esnak ki konn bay nan gadri a)?
  3. Ki preparasyon ou dwe kòmanse fè kounye a pou ou ka pre pou ajisteman pou pwogram pou sezon ete a (tankou VBS – sou kanpous la, vityèl oubyen lakay)?
  4. Kijan ou pral adrese kontak pèsonèl ak familyal ki ka rive nan dènye mwa sa yo (tankou maryaj oubyen difikilte finans, abi fizik ak emosyonèl , pèdi travay)?

Finans

Planifikasyon bidjè se yon eleman enpòtan pou konsidere nan ministè a pandan ou ap planifye pou reouvè pòt legliz la.

  1. Ki sa enpak yo ye sou dim ak ofrann legliz la? Eske ou ka fè pwojeksyon sou kijan ofrann ak dim ka ye nan tan kap vini yo? Ki enpak pwojeksyon sa yo va genyen sou ministè a?
  2. Depans nan efò pou netwaye, dezenfekte epi evite pwopagasyon viris la pral kontinye e ka rive depase sa legliz la te mete nan bidjè li pou sa. Kijan ou pral finanse resous sa yo? (don materyèl pou netwaye, ajisteman nan bidjè, elatrye.)
  3. Ki nouvo opòtinite nan ministè ou idantifye e ki kou ki asosye ak li?
  4. Eske ou ka fè ajisteman byen vit nan bidjè legliz la oubyen eske chanjman sa yo mande pou komite apwouve yo? 

Ekip asosyasyon ou ak konvansyon eta a la pou ede ou. Silvouplè, poze kesyon espesifik, inkyetid oubyen lide ou genyen.

Leave A Reply

Your email address will not be published.